top of page
Search

Sistèm Dijestif


Ki sa ki sistèm dijestif la? Sistèm dijestif la se youn nan sistèm ki pi divès ak pi konplike nan kò imen an. Li konpoze de aparèy dijestif la, fwa, pankreyas, ak bil. Sistèm dijestif a gen ladann yon seri ògàn tankou: bouch, èzofaj, lestomak, ti ​​trip (zantray), gwo trip, ak twou bouda. Epi genyen fwa a, pankreyas, ak bil ki se ògàn solid nan sistèm dijestif la. Tout ògàn yo travay an amoni pou transfòme manje ak likid an eleman nitritif ki sèvi kòm enèji pou kò nou. Se konsa, si "manje se medikaman", dijere manje esansyèl pou kwasans, sante ak siviv. Sa a se yon apèsi sou sistèm dijestif la ki konsantre sèlman sou pati prensipal yo.

Kisa ki pase ak sa ou manje a?

Dijesyon kòmanse nan bouch ou, dan moulen pou diminye gwosè manje a. Sekresyon saliv oswa krache fè manje a tounen boul mouye ki prepare manje a pou yo vale. Manje a deplase nan èzofaj la ki se yon tib ki transpòte manje ak likid soti nan bouch la mennen nan lestomak nou. Misk ki nan miray vant la melanje manje a ak likid asid ak anzim. Lè manje a rive nan konsistans apwopriye ak konsantrasyon, imajine yon soup malfagote men tout eleman nitritif yo toujou la, li pase nan ti trip la (zantray la) se la pi fò nan dijesyon an ak absòpsyon pran plas. Ji dijestif ki soti nan pankreyas la, fwa a ak nan trip la fasilite yon pakèt aktivite ki gen ladan absòpsyon dlo, san pote eleman nitritif nan fwa a, eleman nitritif yo transpòte nan san yo epi delivre manje nan tout pati kò nou: zo, ògàn, misk, nè ak sèvo. Pwochen arè se gwo trip la, kote bakteri manje rès yo, yo absòbe dlo ak rès sibstans ti trip la pa t kapab dijere. Gwo trip la sèvi kòm depo tanporè pou poupou. Rektòm nan se pwent pi ba gwo trip la li pouse poupou soti nan twou bouda. Maladi dijestif yo Maladi dijestif se nenpòt pwoblèm sante ki rive nan aparèy dijestif la. Dapre done ki soti nan NIH (National Institutes of Health) 60 a 70 milyon Ameriken dyagnostike ak yon maladi dijestif. Maladi dijestif yo se youn nan kòz andikap ki pi souvan nan mendèv peyi a. La syans montre yon koneksyon solid ant sistèm dijestif la, espesyalman zantray nou ak sèvo a. 70% nan sistèm iminitè a abite nan zantray la. (Mwen gen pou adrese sa yon lòt fwa) Lè zantray la pa byen li voye siyal nan sèvo a atravè sistèm nève santral la. Se poutèt sa, li enpòtan pou fè chwa ki an sante pou kenbe sistèm dijestif ou ak rès kò ou an sante.

Imaj anba a se kèk nan premye siy pwoblèm nan aparèy dijestif la, souvan gen youn oswa plizyè sentòm:



Nan section angle sou sit sa, gen yon tablo ak lis maladi dijestif, kèk nan yo dire sèlman yon ti tan, pandan ke gen lòt se kwonik ki vle di dire lontan. Kondisyon yo ka varye ant modere oswa serye. (Mwen pa rive twouve non maladi yo an Kreyol).

Ki jan pou pran swen sistèm dijestif ou


Prèv montre ke chwa dyetetik an sante ki gen ladan manje fwi ak legim ede kenbe sistèm dijestif la an bon fòm. Bwè anpil dlo pandan jounen an se yon lòt. Pa egzanp, tout aktivite k ap fèt pandan dijesyon, absòpsyon, transpò, ak ekskresyon eleman nitritif yo mande pou sekresyon saliv ak gastrik, sekresyon nan pankreyas, ti trip ak bil kontribye apeprè 7 a 9 L likid nan yon jounen, apeprè 3 a 4 fwa plis likid pase sa ki nòmalman konsome oralman (Beyer, 2008). Fè pati pa ou pou ede bagay yo avanse lè w bwè ase dlo pandan jounen an. Pi bon moman pou bwè dlo se kounye a, (akòde ke ou pa ap manje pandan w ap li sou entènèt la - rete prezan devan plat ou). Lòt fwa ki bon se lè ou reveye nan maten, anvan ak ant repa, anvan, pandan ak apre egzèsis, lè ou malad, lè ou pran yon masaj, anvan ak pandan règ ou, anvan ou al dòmi, lè ou vle rete an sante, ou konprann byen? Ok, bwè dlo! Anplis de sa, viv ak atansyon, yon lavi estrès, ak yon mantalite negatif pral sabote manje an sante ou. Pou sipòte efò ou, kenbe yon jounal rekonesans. Fè egzèsis chak jou, moun ki aktif yo gen pi bon sistèm dijestif epi pase 7-8 èdtan dòmi chak swa.

Yon lòt fason ou ka ede, sitou si w ap viv ak yon maladi dijestif se patisipe nan yon esè klinik. Esè klinik yo se etid rechèch ki fèt sou moun ki gen objektif pou evalye, teste fason pou anpeche yon pwoblèm sante, oswa pou jwenn yon maladi bonè pafwa anvan gen sentòm - li kapab entèvansyon medikal, chirijikal oswa konpòtman. Esè klinik yo se fason prensipal chèchè yo konnen si yon nouvo tretman, tankou yon nouvo dwòg, rejim alimantè, vaksen, oswa aparèy medikal an sekirite epi efikas nan moun. Enstiti Nasyonal Dyabèt ak Maladi dijestif ak ren (NIDDK) ak lòt eleman nan Enstiti Nasyonal Sante (NIH) fè ak sipòte rechèch sou anpil maladi. Gade videyo sa a pa Direktè NIDDK Dr Griffin P. Rodgers ki eksplike enpòtans pou patisipe nan esè klinik https://youtu.be/36Sd8WpgR94 anplis, vizite https://www.clinicaltrials.gov pou jwenn yon etid epi pale ak pwofesyonèl swen sante ou yo pou konnen si yon esè klinik bon pou ou. Ou ka kontakte m si w vle aprann plis oswa si w gen nenpòt kesyon sou pòs edikatif sa a.

Epi sonje, pwochen fwa ou poupou, remèsye sistèm dijestif ou. Li fè travay li!


References

Beyer, PL. (2008). Digestion, Absorption, Transport, and Excretion of Nutrients. Krause’s Food and Nutrition Therapy.

MedlinePlus Medical Encyclopedia. Digestive Diseases. Retrieved from https://medlineplus.gov/ency/article/007447.htm

NIH. Digestive System. National Cancer Institute. Retrieved from www.cancer.gov

NIH. Your Digestive System & How it Works Retrieved from

https://www.niddk.nih.gov/health-information/digestive-diseases/digestive-system-how-it-works


 
 
 

Comments


© 2020 BID Nutrition Services

bottom of page