top of page
Search

Senk Benefis Sante ki Gen Nan Li Liv

Chak mwa Desanm mwen chwazi yon mo pou gide entansyon mwen epi mete yon rapèl pou mwen konsantre sou ane ki ap vini an. Metòd sa yo konnen li kòm "mo pou ane a", mo trankilite se gid mwen pou ane sa a. Trankilite se lapè nan tèt ou, kalm, trankil. Lè nou konsidere evènman ki ap dewoule ane sa a, lagè nan Ikrèn, enflasyon, ogmantasyon violans sou tout fòm, pandan nou ap vin yon pandemi. An plis nou gen defi pèsonèl, genyen mo sa nan panse mwen se yon benediksyon. Youn nan fason mwen pwoteje lapè mwen e rete trankil se atravè paj liv. Nou tout konnen fè lekti ede elaji vokabilè nou ki ede amelyore kominikasyon nou. Paske pi bon kominikasyon ankouraje pi bon relasyon pou nou ka viv byen youn ak lòt. E sa ede nou rete an sante. Mwen reyalize ke mwen pi kalm, mwen gen plis pasyans lè mwen li liv regilyèman. Etid montre ke lekti se youn nan fason ki pi fasil pou pran swen sante jeneral e sitou sante mantal ou. Pòs blog sa a dekri senk benefis sante ki genyen nan li liv, ki kote pou jwenn liv pou li, epi rekòmandasyon liv pou fè ou kòmanse oswa kontinye li. Menm si ou pa renmen li mwen pwomèt gen yon liv deyò a pou ou li. Li jiska la fen pou yon kado espesyal.


Senk Benefis Sante ki Gen nan Li Liv


1. Ankouraje Dòmi

Menm jan lè ou fè egzèsis ou travay misk fizik yo, lekti se tankou egzèsis pou sèvo nou. Li liv kenbe lespri nou aktif epi fè sèvo nou pi fò. Menm jan lè ou fè egzèsis ou fatige ou bezwen repoze. Li yon liv se yon angajman aktif nan imajinasyon ki menm chanje eta konsyans nou. Li pa sèlman yon distraksyon kote move lide ki lakòz tansyon yo disparèt pou yon ti tan, ou kite problèm ou yo dèyè, ou ka respire, ou vin pi kalm. Sa fè ou vin pi alèz pou dòmi, e dòmi trè byen. Liv fizik la pote kalm ke yon e-reader oswa yon tablèt pa kapab bay paske yo afekte dòmi nou akòz klète ekran an.


2. Diminye Estrès

Gen kèk terapis ki sèvi ak liv pou sipòte bon sante mantal ak yon apwòch ke yo rekonèt kòm "biblioterapi". Li se yon opsyon tretman souvan adapte oswa itilize pou konplete lòt kalite terapi. Terapis yo enkòpore twa apwòch sa yo:

1) bibliyoterapi preskriptif, 2) liv sou preskripsyon, ak 3) bibliyoterapi kreyatif. Tout twa apwòch mennen nan estrès redwi. Dapre de (2) etid rechèch ki te soti nan ane 2009, premye etid la se te nan University of Sussex, te jwenn ke sis (6) minit lekti ka diminye estrès pa otan ke 68 pousan. Anplis de sa, chèchè yo te jwenn tou ke lekti redwi estrès pi byen ak pi vit pase lòt metòd kalme tankou koute mizik (61 pousan rediksyon estrès), bwè te oswa kafe (54 pousan rediksyon estrès), oswa yon ti mache (42 pousan rediksyon). Dezyèm etid chèchè nan Seton Hall University ak UT Southwestern Medical Center konpare efè imedya yoga, imè ak lekti sou estrès. Li montre ke 30 minit lekti ta ka diminye estrès otan ke yon sesyon yoga 30 minit (2009). Ki enkli pi ba tansyon, batman kè, ak santiman detrès sikoloji





3. Ede Viv Pi Lontan

Eske ou konnen li yon chapit liv chak jou ka ede moun viv pi lontan? Yon etid kowòt pandan 12 ane kolekte pa Enstiti Rechèch Sosyal University of Michigan epi ki te sipòte pa Enstiti Nasyonal pou Aje. Etid la enkli granmoun ki gen plis pase 50 tan, konpare ak lektè ki pa li liv, lektè ki li liv te gen yon avantaj siviv 4 mwa nan pwen 80% siviv. Lektè ki li liv yo te fè eksperyans tou yon rediksyon 20% nan risk mòtalite pandan 12 ane swivi yo konpare ak lektè ki pa li liv yo. Konklizyon sa yo sijere ke benefis ki genyen nan li liv, gen plis lavi pou ka li plis liv.




4. Pi Bon Fonksyon Mantal

Chèchè yo nan etid kòwòt la eksplike ke li liv yo gen tandans enplike de pwosesis mantal ki ta ka kreye yon avantaj siviv. Premyèman, li ankouraje "lekti pwofon," ki se yon pwosesis ralanti, kote imajinasyon avek sa ou ap li a vin youn; li se yon angajman kognitif ki fèt pandan lektè a trase koneksyon ak lòt pati nan materyèl la, epi poze kesyon sou kontni yo prezante a. Angajman kognitif sa a ka eksplike poukisa vokabilè, rezònman, konsantrasyon, ak panse kritik yo amelyore lè yo ekspoze a liv. Dezyèmman, liv yo ka ankouraje senpati, pèsepsyon sosyal, ak entèlijans emosyonèl, ki se pwosesis kognitif ki ka mennen nan fason pou nou siviv.


5. Mennen Yon Vi Trankil

Nou gen yon pwovèb Ayisyen ki di, “rete trankil se remèd kò”. Lekti mande pou rete trankil, pou konsantre sou sa ou ap li a, sou sa ki devan je ou. Se yon aktivite ki mande atansyon e ki ankouraje pratik viv nan moman prezan an. Yon bon liv bay sèvo a yon okazyon pou chanje fason panse ou, tankou retire panse negatif ak estrès. Sa vin sèvi tankou remèd ki ede diminye tansyon nan misk ki te koze estrès. Li fòse lespri nou pou ka bay priyorite a sa k ap pase kounye-a. Benefis ki genyen lè w ap viv konsa li ede kalme sèvo a pou l bliye bagay ki te pase, pou l sispann enkyete pou lavni epi pou l vrèman jwi bagay ki enpòtan ki se tan prezan. Nan tan nou ye kounye a, rete lwen telefòn se yon liks. Li yon liv fizik, yon liv ak paj ta dwe yon pati entegral nan woutin sante ak byennèt nou.





Se pa toutan nan lavi nou genyen tout kote, li nan liv se youn nan yo. Se poutèt sa, fè yon efò aktif pou se pa sèlman sou ekran tankou medya sosyal, sit nouvèl sou entènèt, YouTube ak mesaj tèks ke ou li, men chwazi yon liv aktyèl. Fè efò pou w louvri yon liv fizik chak jou pou w ka jwenn benefis sante ki asosye ak lekti.

Ki Kote Pou Jwenn Liv

Mwen konprann li diferan pou moun ki ap viv nan peyi kote opsyon yo pa menm. Pou mwen menm, chak fwa mwen deplase ale viv nan yon nouvo eta, youn nan premye kote mwen chèche al vizite se bibliyotèk piblik yo. Bibliyotèk piblik yo se toujou youn nan kèk kote ou ka jwenn aksè san limit a enfòmasyon kredib, ak sipò. Yon bibliyotèk piblik se yon lopital pou lespri. Bibliyotèk piblik yo vin tounen kèk nan kote mwen pi renmen. Ou ka ale nan bibliyotèk la chak jou, li ak/oswa prete liv gratis, ale nan tan istwa pou timoun oswa yon konferans, pran yon kou, patisipe nan yon klib liv ak plis ankò. Nan bibliyotèk piblik yo, ou ka jwenn asistans pou prepare yon lis liv ki baze sou enterè pèsonèl. Mwen renmen seksyon rekòmandasyon liv yo, mwen jwenn pou li kèk nan dènye liv ki pibliye yo. Gen kèk branch bibliyotèk ki pa chaje yon frè pou retounen liv an reta, tankou vil kote m ap viv nan Colorado. Yon lòt kote se mache ba pri, an pèsòn ak/oswa sou entènèt. Ou ka jwenn liv pou trè bon mache, osi ba ke 50 santim pou chak liv. Yon lòt opsyon se echanj liv. Ki se yon bon fason pou ekonomize lajan lè w achte liv an gwoup epi chanje liv ant zanmi.

Fason Pou Ogmante Enterè Nan Lekti Liv

Si lekti pa pwen fò ou, oswa ou pa konsidere tèt ou yon moun ki renmen liv, men ou ta renmen kòmanse jwi benefis ki genyen nan lekti. Tankou tout nouvo konpetans w ap aprann, pran pasyans ak tèt ou. Kòmanse li liv sou bagay ki enterese w. Chwazi liv ki kout e ki fasil pou li. Si ou reyèlman vle bay tèt ou defi, rantre nan yon klib liv! (Eseye bibliyotèk lokal ou, oswa kòmanse youn). Si w bezwen èd pou kòmanse youn, mande yon èd nan bibliyotèk la). Mwen ak mari m nou li ansanm, pandan COVID-19, nou te kòmanse yon klib pou koup ak kèk nan zanmi nou yo. Nou te konsantre sou liv ki ede amelyore lavi maryaj. Yon klib liv ka sèvi plizyè oswa nenpòt rezon. Pa egzanp, youn nan premye eksperyans mwen nan klib liv sa gen plis pase 10 zan. Mwen te fè pati yon gwoup jèn adilt dinamik nan Sid Florid ansanm nou t ap chèche aprann sou literati an Ayiti. Li kapab sou nenpòt sijè: li, paran, jadinaj, dekorasyon pou kay, lwa sou vote, prepare manje, vwayaje, kilti, istwa ak plis ankò. Yon lòt fason se rantre nan yon Club ToastMaster. Li se yon bon fason pou rankontre nouvo moun, amelyore lekti ak kominikasyon. Kèlkeswa sa ou ka panse a, gen yon liv sou sa e gen pwobableman yon klib liv deyò a k ap tann pou ou rantre oswa kòmanse.

Kèk Otè ak Liv Pou Kòmanse

Pweske tout rekòmandasyon nan seksyon Kreyòl la se otè Ayisyen, mwen pa kapab mete tout, ou kapab ajoute lòt otè nan list la anba.


Otè

Liv

Edwige Danticat

Pwobableman youn nan ekriven ayisyen ki pi popilè. Nenpòt liv li se bon chwa. Dènye liv li a "Everything Inside" se yon koleksyon eksepsyonèl ki gen 8 istwa ki gen rapò ak yon pakèt sijè konplèks. Istwa sa yo ap ba ou anpil bagay pou w reflechi ak pale.

Dany Laferriere

Womansye ayisyen. Li se dezyèm moun nwa eli nan prestijye Akademi Fransè a.

Jacques Roumain

Gouverneurs de la Rosée - Liv sa a vrèman mete aksan sou konpleksite Repiblik Ayiti.

Lyonel Trouillot

Womansye ayisyen, powèt, jounalis ak pwofesè literati.

Marie Vieux Chauvet

Se otè senk (5) woman, yo konnen li kòm vwa fanm nan pataje eksperyans nan viv anba diktati Divalye a.





Denye men pa pi piti, Bib la! Bib la se manman tout liv. Si w pa janm li Bib la, mwen ankouraje w pou w li l. Si w renmen literati, w ap renmen Bib la. Bib la se pi bon entwodiksyon posib nan literati ak teknik li yo. Mwen se yon kretyen, mwen li Bib la ak je espirityèl, men gen anpil plas pou li ak je literati, epi ou pral aprann anpil nan li. Robinson te ekri pou New York Times, kòm yon eritaj literè oswa memwa, Bib la te ranfòse enpilsyon ki pi pwofon nan literati nou an, ak sivilizasyon nou an. Bib la revele ki jan Bondye vinn jwenn limanite, atravè Jezi-Kris, pou rekonsilye yo ak tèt li epi rachte yo anba peche ak inyorans espirityèl pou yo ka gen yon relasyon lanmou pafè ak li ak lòt moun pou tout tan.

Kèlkeswa liv ou chwazi li oswa ki kote ou li, fè lekti liv yon pati entegral nan woutin sante ak byennèt ou paske li gen pouvwa pou amelyore epi kenbe bon sante jeneral.

******************

Kado: Kèlkeswa kote w ap li, si w gen yon adrès Ozetazini oswa Kanada, m ap bay 2 "Bib", 2 premye lektè ki ekri m yon mesaj ak adrès ou, m ap poste yon kopi pa lapòs pou ou. Nan mesaj la presize si ou vle li an Anglè, Fransè oswa Kreyòl.

Mèsi paske ou te li, rete an sante,

Bid



References

Bavishi, A., Slade, M. D., & Levy, B. R. (2016). A chapter a day: Association of book reading with longevity. Social science & medicine (1982), 164, 44–48. https://doi.org/10.1016/j.socscimed.2016.07.014

Denise Rizzolo, D., Pinto Zipp, G., Stiskal, D., Simpkins, S. (2009). Journal of College Teaching & Learning. Stress Management Strategies For Students: The Immediate Effects Of Yoga, Humor, And Reading On Stress. https://www.researchgate.net/publication/229431397_Stress_Management_Strategies_For_Students_The_Immediate_Effects_Of_Yoga_Humor_And_Reading_On_Stress

Good Therapy. Bibliotherapy. https://www.goodtherapy.org/learn-about-therapy/types/bibliotherapy

Helliker, K. (2007). The Wall Street Journal. Bibliotherapy: Reading Your Way To Mental Health. https://www.wsj.com/articles/SB118583572352482728

Robinson, M. (2011). The New York Times. The Book of Books: What Literature Owes the Bible. https://www.nytimes.com/2011/12/25/books/review/the-book-of-books-what-literature-owes-the-bible.html

Telegraph. (2009). Reading “Can Help Reduce Stress.” Telegraph. https://www.telegraph.co.uk/news/health/news/5070874/Reading-can-help-reduce-stress.html





9 views0 comments

Recent Posts

See All

Comments


bottom of page