Konprann Dyabèt: Verite, Manti, ak Sa Ou Ka Fè
- Bid Francisque
- 6 days ago
- 4 min read
Pa Bid-Lose O. Francisque, MPH, RD, LDN
Dyabèt kontinye afekte dè milyon moun atravè mond lan, men move enfòmasyon sou
kòz li, tretman, ak prevansyon li toujou ap gaye. Ozetazini, prèske youn nan chak de
moun ap viv ak dyabèt oswa prediabèt. Sa vle di mwatye popilasyon an. Sa se pa
sèlman estatistik, se vwazen nou, konpayèl travay nou, fanmi nou, e petèt menm nou
menm. Kòm yon Dyetetisyen, mwen rankontre anpil moun ki ap pote kè sote,
koupabilite, oswa konfizyon yo pa bezwen genyen sou jan pou viv ak dyabèt. Atik sa a
pral esplike nannan kesyon an: sa dyabèt ye, diferans ki genyen ant fòm yo, epi kijan
nitrisyon, ak swen medikal mache ansanm pou ede w viv an sante alontèm.
Kisa Prediabèt Ye?
Prediabèt se lè nivo sik nan san w pi wo pase nòmal, men yo poko rive nan nivo pou fè
yon dyagnostik dyabèt tip 2. Sa se premye siyal kò a bay lè li ap gen difikilte pou jere
glikoz. Selil yo kòmanse reponn mwens ak ensilin (ensilin rezistans). Pankreyas la ap
travay pi di pou kenbe sik nan san nòmal. Avèk tan, sistèm nan vin fatige epi sa ka
mennen nan dyabèt tip 2 si pa gen chanjman.

Kisa Dyabèt Ye?
Dyabèt se yon maladi kwonik ki afekte fason kò a sèvi ak glikoz (sik nan san). Glikoz
soti nan sa nou manje epi se prensipal sous enèji kò a. Ensilin se òmòn ki ede glikoz
antre nan selil yo. Lè sistèm sa a pa mache byen, nivo sik nan san an monte. An tèm
senp: dyabèt vle di gen twòp glikoz nan san an. Sa ka rive swa paske kò a pa pwodui
ase ensilin oswa selil yo pa reponn ak ensilin jan yo ta dwe.

Twa Fòm Dyabèt Ki Pi Komen Yo
Dyabèt Tip 1
Tip 1 se yon maladi oto-iminitè. Kò a atake selil pankreyas ki pwodwi ensilin yo, kidonk li
pa pwodui ase oswa pa pwodwi ditou. Manje sik pa koze Tip 1. Li parèt souvan nan
timoun, jèn moun, men li ka rive nenpòt laj. Moun ki gen tip 1 beswen ensilin pou viv.

Dyabèt Tip 2
Tip 2 se lè kò a vin rezistan ak ensilin oswa li pa sèvi ak li jan li ta dwe. Lyen ak faktè
tankou: Jenetik, laj, istwa fanmi, aktivite fizik, dòmi, estrès, nitrisyon. Manje sik pou kont li pa lakòz dyabèt. Dyabèt tip 2 devlope akòz yon konbinezon faktè.
Dyabèt Jèstasyonèl (Gwosès)
Fòm dyabèt sa a parèt pandan gwosès. Chanjman òmòn nan gwosès la ka fè kò a
mwens sansib ak ensilin. Li ale apre akouchman pou anpil moun, men li ogmante risk
pou tip 2 pita. Bon swen prenatal ak swivi apre nesans yo enpòtan anpil.

Fòm Dyabèt Ki Ra Yo
Malgre tip 1, tip 2, ak dyabèt gwosès yo pi komen, gen kèk fòm ki pi ra ki merite
atansyon. Dapre International Diabetes Federation, yo afekte anviwon 1.5–2% moun k
ap viv ak dyabèt. Fòm sa yo gen ladan:
Sendwòm Alström – yon maladi jenetik ki ra ki ka koze dyabèt tip 2
Dyabèt insipid – ren yo pa ka kenbe dlo; pa gen rapò ak sik nan san
LADA – fòm oto-iminitè ki devlope pi dousman, parèt nan adilt
MODY – fòm jenetik ki parèt anvan laj 25
Dyabèt neyonatal – rive nan tibebe ki gen mwens pase 6 mwa
Dyabèt segondè – koze pa lòt maladi oswa medikaman (egzanp: pankreatit, fibwoz
sistik, kortikoyid)
Dyabèt ki koze pa estewoyid – ka rive nan moun k ap pran medikaman estewoyid
Tip 3c – yon tèm ki dekri posib lyen ant Alzheimer ak rezistans ensilin (pa rekonèt
ofisyèlman)
Sendwòm Wolfram (DIDMOAD) – yon maladi jenetik ki ra ki lakòz plizyè pwoblèm tankou dyabèt, pèt vizyon, ak pwoblèm tande
Fòm ra sa yo montre konbyen dyabèt se yon kondisyon konplèks, epi yo fè nou wè
enpòtans yon dyagnostik presi ak swen pèsonalize.

Kèk Manti Sou Dyabèt
Manti #1: "Se manje twòp sik ki bay dyabèt."
Se pa vre.
Tip 1 se oto-iminitè.
Tip 2 se yon melanj jenetik + jan ou ap viv + laj. Manje sik pa sèl kòz la.
Manti #2: "Si w bezwen ensilin, sa vle di ou echwe."
Totalman fo.
Dyabèt se yon maladi pwogresif.
Anpil moun ki gen tip 2 ap bezwen medikaman oswa ensilin yon jou.
Se yon zouti, pa yon echèk.
Manti #3: “Tout moun ka ranvèse dyabèt.”
Gen moun ki rive mete tip 2 an remisyon ak chanjman vi plis swen medikal.
Men li pa garanti, e li pa posib pou tip 1.

Siy ak Sentòm
Anpil moun pa gen okenn sentòm. Lòt moun ka remake:
Toujou grangou
Swaf anpil
Fatig
Vizyondoub oswa bouye
Pipi souvan
Chanjman nan gwosè san esplikasyon
Wòl Nitrisyon
Nitrisyon gen gwo enpòtans nan jesyon dyabèt. Estrateji efikas yo enkli:
Echanj san retire tout idrat kabòn
Manje plis aliman ki gen fib
Konbine idrat kabòn ak pwoteyin ak bon grès
Bwè plis dlo
Chwazi manje ki respekte kilti w ak jan ou ap viv
Pa gen yon sèl rejim ki mache pou tout moun ki gen dyabèt.
Viv ak Dyabèt
Moun k ap viv ak dyabèt souvan fè fas ak stigma, sitou sou pwa, sik, oswa medikaman
yo pran. Jere dyabèt pa mande pèfeksyon. Li mande:
Konstans
Konpasyon
Bon zouti
Manje balanse
Mouvman regilye
Swen medikal
Edikasyon kontinyèl
Avèk bon enfòmasyon ak bon sipò, moun ka viv yon lavi plen, an sante, epi kontan.
Konprann dyabèt mande verite, pa viv nan laperèz epi koute ak li enfòmasyon kredib.
Ke ou menm w ap viv ak li, oswa w ap sipòte yon moun, sonje: dyabèt ka kontwole, epi
gen èd disponib.

Sous
Endocrine Society. (2022). Hypoglycemia. Retrieved from https://www.endocrine.org/patient-engagement/endocrine-library/hypoglycemia
Harvard T.H. Chan. School of Public Health. (2025). Carbohydrates and Blood Sugar. Retrieved from https://nutritionsource.hsph.harvard.edu/carbohydrates/carbohydrates-and-blood-sugar/
International Diabetes Federation (IDF). (2025). Rare forms of diabetes. Retrieved from https://idf.org/about-diabetes/types-of-diabetes/rare-forms-of-diabetes/
NIH: National Institute of Diabetes and Digestive and Kidney Diseases (NIDDDK). National Library of Medicine. (2025). Prediabetes. Retrieved from https://medlineplus.gov/prediabetes.html
NIH: National Institute of Diabetes and Digestive and Kidney Diseases (NIDDDK). National Library of Medicine. (2023). What is diabetes. https://www.niddk.nih.gov/health-information/diabetes/overview/what-is-diabetes




Comments