top of page
Search

Ki sa ki Kondwi Distrè?

Bid-Lose O. Francisque, MPH, RD, LDN

ree

Dapre National Highway Traffic Safety Administration (NHTSA) kondwi distrè se nenpòt aktivite ki retire atansyon w sou kondwi, tankou pale oswa voye tèks nan telefòn, manje ak bwè, pale ak moun nan machin nan, jwe nan radio a, amizman oswa sistèm navigasyon, penyen, makiye , fè cheve. An gwo, nenpòt aktivite ki retire atansyon ou sou kondwi an sekirite. Si li retire je ou ak lide ou sou wout la ak men ou sou volan an, se kondwi distrè. Sezon fèt la, soti 1 Novanm jiska 31 Desanm, yo rapòte kòm peryòd ki pi danjere nan ane a sou wout nasyon an.

ree

Gen kèk konpayi tankou “Apple” ki enkli karakteristik nan iPhone yo ki otomatikman mete telefòn nan sou mòd pa deranje pandan w ap kondwi. Anplis de sa, gen yon aplikasyon mobil ki rele DriveSafe.ly™ ki li mesaj tèks (SMS) ak imèl awotvwa an tan reyèl epi otomatikman reponn san chofè yo pa manyen telefòn mobil lan. Yon lòt opsyon se jis mete telefòn nan nan lòj a gan oswa kòf la jiskaske chofè a nan yon espas ki an sekirite pou itilize telefòn nan.


Chak jou Ozetazini 9 moun mouri akoz kondwi distrè. Nou ka evite aksidan ki fèt nan kondisyon sa yo. Si w bezwen voye yon tèks kanpe machin nan. Pa anrejistre videyo pandan w ap kondwi. Deziyen yon chofè si w gen plan pou bwè kleren, alkòl pandan w deyò. Mwen mete aksan sou telefòn ak mesaj tèks paske li se kòz prensipal nan kondwi distrè. Pa gen anyen sou telefòn ou ki vo pèdi lavi ou epi pa detwi yon lavi nan kondwi distrè.


ree

Ansanm, nou ka rann sezon fèt sa a pi an sekirite pou tout moun sou wout yo epi mete fen ak krim sa yo paske nou ka evite yo a 100 pousan.

Sous

Maryland Department of Transportation. (2021). Retrieved from https://zerodeathsmd.gov/


United States Department of Transportation (2021). National Highway Traffic Safety Administration. Retrieved from https://www.nhtsa.gov/risky-driving/distracted-driving




 
 
 

Comments


© 2020 BID Nutrition Services

bottom of page