top of page
Search

“Dèyè Mòn Gen Mòn” = “Beyond Mountains Are More Mountains”

"Dèyè mòn gen mòn" se yon pwovèb lakay ke nou itilize pou esplike kòman lavi a se soti nan yon difikilte ale nan yon lòt. Se yon pwovèb trè apwopriye nan peyi nou Ayiti, ki se peyi ki gen plis montay nan Karayib la. Mòn yo espektakilè! Selon yon dokimantè National Geographic (2020), mòn yo se youn nan anviwònman ki pi ostil sou planèt nou an. Nan mòn yo se sèlman sa ki fò ki ka andire kondisyon metewolojik ekstrèm yo, konpetisyon entans, ak resous limite. Gen anpil bagay pou aprann de mòn yo. Mwen soti nan peyi mòn nan e pòs sa a se sou 4 leson nou ka aprann de mòn yo.

Photo Credit: Bid Francisque, Citadelle, Milot, May 2010


Pasyans pouw pran lavi yon jou a lafwa


Monte yon mòn se pa bagay ki fasil, menm jan tankou rive kèk objektif lavi ou. Pou egzanp, ou te mete objektif (rezolisyon nouvo ane) pou ane sa a? Sante, fanmi, kondisyon fizik, finans, espirityalite, mete limit ... Nou nan mwa Septanm 2021, li pa twò ta pou nou pran aksyon sou objektif ou fikse pou tèt ou. Fè li yon jou yon moman. Li ka pran plizyè tantativ, si an premye ou pa reyisi, leve tèt ou epi eseye ankò, e ankò e ankò. Sonje byen, se pa toujou yon move siy ke ou ap fè bagay sa yo mal lè ou pa jwenn rezilta yo ou vle sou premye eseye a. Ou kapab bezwen plis preparasyon, sipò adisyonèl nan men fanmi, zanmi oswa yon pwofesyonèl. Li pa fasil pou rekòmanse. Li pran anpil kouraj, men ou pa bezwen pè rekòmanse. Fwa sa a, ou pa kòmanse azero, ou ap kòmanse ak eksperyans.


Difikilte se opòtinite ou


Lavi ap toujou gen obstak; ou dwe aprann wè yo kòm opòtinite. Difikilte yo pa toujou vini pou detwi ou, anpil fwa yo se opòtinite pou grandi, pou fè pi byen, pou netwaye chemen ou, pou avanse pou pi devan. Repons ou ap soti nan yon kote ki gen krentif oswa yon kote ki gen lafwa. Lè ou opere sou laperèz sa andikape kwasans ou, men ak bon preparasyon, ou ka deplase avèk konfyans konnen ke efò ou ap pote rezilta. Gen yon mizik gwoup Ayisyen Konpa Zenglen ke Reginald Cangé chante ki rele "Rezilta" ki vle di "rezilta" e ki di "se chak jou demele ou pou fè yon pa… fokis epi sonje pwoblèm pap janm fini se yon lwa de lanati, lè rezoud yonn, g’on lot ki nan wout k’ap vini.” Fè nou sonje pwovèb ouvèti a. Eske ou pa dwe aji poutèt sa? Non !


Selebre ti zak ki konsistan yo


Lè ou gade nan yon ranje nan somè mòn sa yo rele yon chèn mòn, si objektif ou se monte youn nan pi wo mòn yo, ou premye monte youn nan pi piti ki mennen nan pi wo a. Tout wout la bati andirans ak fòs, sa ki pi enpòtan ou dwe selebre ti viktwa ou yo. Mwen sonje youn nan kliyan mwen voye tèks mesaj pou di mwen ke li gen difikilte pou te kòmanse ak antrennman yon maten, men li te fè l', li te santi plis enèji apre sa. Mwen selebre ti efò li jou sa a, li ka fasil pou gade pase ti zak tout piti sou wout la. Men, se sòm ti zak konsistan sa yo ki ajoute jiska gwo rezilta. Rekonpans lan vo travay li pran. Li se yon eksperyans pèsonèl ke ou dwe pase pou tèt ou ak pou kont ou, lòt moun pa ka byen dekri li ba ou.


Si objektif ou se pou pi bon sante, ou pral aprann ak ti zak ki konsistan tankou fè egzèsis pi souvan, fè dòmi yon priyorite ak abitid manje an sante ap ankouraje pi bon rezilta. Santi w pi byen akòz ogmantasyon nan aktivite fizik pral natirèlman motive ou pou fè pi byen.



Photo Credit: Bid Francisque, Port-Salut December 2008

Pi bon vizyon


Mwen toujou santi m piti devan mòn yo paske yo tèlman espesyal. Ou ka monte mòn, pase tan nan mòn, ou antoure pa mòn ap pèmèt ou atake pi gwo defi. Ou pral wè monte a kòm yon opòtinite pou grandi pa sèlman kapasite fizik ou, men tou, kapasite mantal ou. Anplis de sa, mòn yo pral enspire ou vle konnen plis, santi plis ak wè plis. "Dèyè mòn gen mòn", kontinye monte nan direksyon objektif ou malgre difikilte yo pou lè ou rive nan tèt la, li pral prezante w opòtinite pou wè pi klè sou lòt mòn lan.

Source

National Geographic (2020). Mountains: Hostile Planet. Retrieved from https://youtu.be/NcRifDitRnU

Zenglen: Rezilta, (2013). Kompagrooves. Retrieved from https://youtu.be/wany1vXtvzg




 
 
 

Comments


© 2020 BID Nutrition Services

bottom of page